KMPS
Aprann konnen FamilySearch, pi gran resous istwa familyal gratis nan mond lan.

Enfòmasyon Jeneral
FamilySearch se yon òganizasyon ak sitwèb nonpwofi ki konsakre pou ede moun dekouvri istwa familyal yo. Li offri aksè gratis nan rejis jeneyalojik, ab familyal, ak lòt resous. FamilySearch pa gen parèy paske li se yon resous gratis ak youn nan òganizasyon jeneyalojik ki pi konplè nan mond lan, sipòte pa yon rezo volontè global k ap ede endekse ak prezève dokiman istorik yo.
FamilySearch Entènasyonal, sponsorize pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, se pi gran òganizasyon jeneyalojik nan mond lan. Pandan plis pase 125 ane, li rasanble, prezève, ak pataje rejis jeneyalojik. Dèmilyon moun itilize resous gratis anliy li yo nan FamilySearch.org ak nan plis pase 6.500 sant FamilySearch nan 129 peyi, enkli bibliyotèk prensipal la nan Salt Lake City, Utah.
Wi, FamilySearch totalman gratis pou itilize. Òganizasyon an ofri aksè gratis nan yon gwo koleksyon rejis jeneyalojik, ab familyal, ak lòt resous. Ou kapab kreye yon kont, konstwi ab familyal ou, epi jwenn aksè nan rejis yo san peye anyen.
Wi, FamilySearch chèche ede moun tout kote konekte avèk istwa fanmi yo. Li disponib nan plis pase 170 peyi epi sipòte anpil lang. Sitwèb la ak app mobil yo disponib nan plis pase 40 lang, ki enkli Anglè, Espanyòl, Fransè, Alman, Chinwa, Japonè, ak anpil lòt.
Jwen Aksè epi Konekte
Pou asire yon pi bon eksperyans, ou ta dwe konekte. Anpil nan fonksyon prensipal yo egzije pou w konekte, men yo totalman gratis. Sepandan, ou pa bezwen konekte pou w gen aksè nan anpil fonksyon sou sitwèb la, ki enkli resous sa yo:
Katalòg FamilySearch: Chèche jwenn rejis istorik pou ede rechèch jeneyalojik ou.
FamilySearch Research Wiki: Aksè nan èd ak resous aprantisaj konsènan zouti ak tèminoloji FamilySearch yo.
Tout bagay Konsènan Mwen: Dekouvri fè konsènan non w ak evenman nan ane w te fèt la.
Pou w jwenn aksè nan plis fonskyon sou sitwèb FamilySearch la, suiv etap sa yo pou w konekte:
Ale nan FamilySearch.org, epi klike sou Konekte.
Chwazi pou konekte nan itilize kont ou ki deja egziste nan Google, Facebook, Apple, oubyen Legliz la (pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo).
Si w prefere, ou kapab kreye yon non itilizatè ak modpas tou.
Antre yon imel oubyen yon nimewo mobil pou opsyon rekiperasyon.
Dakò avèk Kondisyon Itilizasyon yo ak Avi Konfidansyalite a, epi apresa klike Fini.
Aktive kont ou a nan suiv enstriksyon yo voye nan imel ou oubyen telefòn mobil ou yo.
Ou kapab gen aksè nan FamilySearch nenpòt kote si w telechaje app Family Tree, Memories, oubyen Get Involved yo nan Apple App Store oubyen Google Play Store. Apre aplikasyon an fin enstale, ouvri l, epi konekte avèk kont FamilySearch ou a.
Wi, FamilySearch priyorize konfidansyalite ak sekirite done, avèk gwo mezi anplas pou pwoteje enfòmasyon w yo. Ou kapab gen konfyans ke done w yo ap jere avèk pi gran swen posib.
Kòmanse ak Èd
Kote ou kòmanse a depann anpil de sa ou vle reyalize. Men kèk opsyon pou ede w kòmanse:
Kreye yon ab familyal: Pou kòmanse antre enfòmasyon ou deja konnen sou fanmi pwòch ou yo. Apresa ou kapab itilize gran bazdone FamilySearch la pou jwenn rejis adisyonèl epi agrandi ab ou a.
Jwenn zansèt nan dokiman istorik yo: Itilize fonksyon chèche a nan FamilySearch pou eksplore dèmilya rejis, ki enkli nesans, maryaj, lanmò, resansman, ak rejis militè yo.
Prezève foto ak istwa familyal yo: Itilize fonksyon Souvni an pou telechaje foto, istwa, ak dokiman.
Resevwa asistans pèsonalize: Planifye yon konsiltasyon gratis avèk yon ekspè FamilySearch pou asistans pèsonèl.
Si w rankontre difikilte teknik pandan w ap itilize FamilySearch.org, Sant Èd FamilySearch la ofri yon pakèt resous, ki enkli atik, pratik, ak Kesyon Moun Poze Souvan pou ede rezoud pwoblèm kouran yo. Si w bezwen plis asistans, ou kapab fè kontak avèk ekip sipò FamilySearch la tou pou èd pèsonalize.
Plizyè resous disponib pou ede w avèk rechèch jeneyaloji ou yo, ki enkli videyo anliy, sant FamilySearch lokal, ak konsiltasyon anliy. FamilySearch gen blòg ak evenman enfòmatif ki anseye yon varyete teknik sou jeneyaloji. Resous gratis sa yo kapab ede w idantifye asistans ou bezwen an pou tire maksimòm nan rechèch istwa familyal ou a.
Lè w konnen plis konsènan ab familyal ou, ou konnen plis konsènan kiyès ou ye ak kijan pou viv yon pi bon lavi. Jeneyaloji ede w konprann idantite w, konekte avèk zansèt ou, epi bati rezilyans nan aprann konsènan difikilte pa yo. Li ankouraje konpasyon, ranfòse lyen familyal yo, epi amelyore valè pèsonèl nan ede w konprann kijan w fè pati yon istwa ki pi laj.
FamilySearch prezante anpil evenman pandan tout ane a, ki enkli evenman anyèl RootsTech la, pi gran konferans istwa familyal nan mond lan, ki fèt anyèlman avèk opsyon ni an-pèsòn ak vityèl. FamilySearch ofri wèbina ak klas regilye tou sou diferan sijè jeneyaloji pandan tout ane a.
Èske w te jwenn sa w t ap chèche a?
Vizite sant aprantisaj ak èdnou yo, oubyen kontakte nou avèk kesyon w yo.
Li PlisKreye yon kont gratis
Sovgade enfòmasyon nan ab familyal ou a, epi resevwa konsèy pèsonalize sou zansèt ou yo.